Som 97 KreyolAyisyen
🔊 Som 97
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Seyè a ap gouvènen; se pou latè a rejwi; se pou tout zile yo kontan.
- 2 Nyaj ak fènwa antoure l'. Jistis ak jijman chita sou fotèy li a.
- 3 Yon dife ap mache devan l', l'ap boule lènmi l' yo tout bò kote l'.
- 4 Kout zèklè li yo te klere mond lan; latè te wè, epi li te tranble.
- 5 Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, devan Mèt tout latè a.
- 6 Syèl la fè konnen jistis li; tout pèp yo wè glwa li.
- 7 Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, tout moun k'ap fè grandizè pou bagay ki sèvi zidòl, se pou yo wont. Adore li, tout bondye yo!
- 8 Siyon te tande, epi li te kontan; epi medam Jida yo te fè fèt poutèt jijman ou yo, O Seyè.
- 9 Paske ou menm, Seyè, ou byen wo anlè tout latè; ou gen pouvwa ou byen wo anlè tout bondye yo.
- 10 Nou tout ki renmen Seyè a, rayi sa ki mal. L'ap pwoteje nanm moun ki sen l' yo. L'ap delivre yo anba men mechan yo.
- 11 Limyè a simen pou moun ki mache dwat yo, ak lajwa pou moun ki gen kè dwat yo.
- 12 Nou menm moun ki mache dwat devan Seyè a, rejwi pou sa l' pral fè a. Remèsye nou pou jan li sen.