Som 98 KreyolAyisyen
🔊 Som 98
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Chante yon chante nèf pou Seyè a; paske li fè bèl bagay: fòs dwat li ak bra li ki apa pou li a fè l' genyen batay la.
- 2 Seyè a fè konnen delivrans li; li fè nasyon yo wè jistis li.
- 3 Li chonje mizèrikòd li ak verite li anvè pèp Izrayèl la; tout moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an t'ap delivre nou.
- 4 Nou tout ki sou latè, rele byen fò pou Seyè a; fè kè nou kontan, chante chante pou fè lwanj li.
- 5 Chante pou Seyè a avèk gita; avèk gita epi avèk vwa yon sòm.
- 6 Avèk twonpèt ak son kònè, fè yon gwo bri devan Seyè a, Wa a.
- 7 Se pou lanmè a gwonde ansanm ak tout sa ki ladan l'; se pou lemonn antye ak tout moun ki rete ladan l'.
- 8 Se pou larivyè yo bat men yo; se pou mòn yo rele ansanm pou yo chante kè kontan.
- 9 Devan Seyè a; paske l'ap vini pou jije tè a: l'ap jije lemonn avèk jistis, l'ap jije pèp yo avèk lejitimite.