Som 52 KreyolAyisyen
🔊 Som 52
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Pou chèf mizisyen yo. Sòm sa a. Se yon sòm David. Lè Doèg, moun Edon an, te rive bay Sayil nouvèl la, li te di l' konsa: David te lakay Akimelèk la. Poukisa, ou menm vanyan gason, w'ap fè grandizè pou mechanste ou yo? Bonte Bondye a la pou tout tan.
- 2 Lang ou tankou yon razwa byen file, w'ap kalkile mechanste.
- 3 Ou pito bay manti pase pale sa ki byen. Sela.
- 4 Ou renmen tout pawòl ki devore moun, lang twonpe moun.
- 5 Se konsa Bondye ap detwi ou pou tout tan, l'ap pran ou, l'ap rache ou kote ou te rete a, l'ap derasinen ou nan peyi moun vivan yo. Sela.
- 6 Moun ki mache dwat yo va wè sa, yo va gen krentif pou li, y'a pase l' nan rizib.
- 7 Gade, men nonm ki pa t' pran Bondye kòm fòs li. Okontrè, li te mete konfyans li nan richès li yo. Li te kenbe fèm nan mechanste li.
- 8 Men, mwen tankou yon pye oliv vèt nan kay Bondye a. Mwen mete tout konfyans mwen nan mizèrikòd Bondye pou tout tan.
- 9 M'ap fè lwanj ou pou tout tan, paske ou fè sa ou fè a. M'ap tann non ou, paske li bon pou tout moun ki sen ou yo.