Som 51 KreyolAyisyen
🔊 Som 51
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Pou chèf mizisyen yo. Se yon sòm David. Lè pwofèt Natan te vin jwenn li apre li te fin kouche ak Batcheba. O Bondye, gen pitye pou mwen, jan ou renmen m' anpil. Jan ou gen anpil kè sansib, efase peche m' yo.
- 2 Lave m' nèt anba mechanste m' lan, netwaye m' anba peche m' lan.
- 3 Paske, mwen rekonèt fot mwen yo; epi peche mwen an toujou devan je m.
- 4 Se kont ou menm sèl mwen peche, mwen fè sa ki mal devan ou. Konsa, ou ka gen rezon lè w'ap pale, ou ka gen rezon lè w'ap jije.
- 5 Gade, mwen te fèt nan mechanste; epi nan peche manman m te vin ansent mwen.
- 6 Gade, ou vle verite a nan fon kè ou. Nan pati sekrè a, ou va fè m' konnen sajès.
- 7 Netwaye m' avèk yon branch izòp, m'a vin pwòp. Lave m', m'a vin pi blan pase lanèj.
- 8 Fè m tande lajwa ak kè kontan; pou zo ou te kraze yo ka fè kè yo kontan.
- 9 Kache figi ou devan peche m yo, efase tout mechanste m yo.
- 10 Kreye yon kè pwòp nan mwen, O Bondye; epi renouvle yon lespri dwat nan mwen.
- 11 Pa voye m' jete byen lwen prezans ou; pa pran lespri sen ou a sou mwen.
- 12 Remèt mwen lajwa delivrans ou a; epi soutni mwen avèk libète lespri ou.
- 13 Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè sa ki mal yo chemen ou yo, epi pechè yo va tounen vin jwenn ou.
- 14 Delivre m' anba san ki koule a, O Bondye, ou menm ki delivrans mwen. Lang mwen va chante jistis ou.
- 15 Senyè, ouvri bouch mwen, pou bouch mwen ka fè lwanj ou.
- 16 Paske ou pa vle sakrifis; si se pa sa, mwen ta ba li. Ou pa pran plezi nan ofrann boule yo.
- 17 Sakrifis Bondye yo se yon lespri ki kraze; yon kè ki kase ak ki regrèt, O Bondye, ou p'ap meprize.
- 18 Fè byen pou Siyon, jan ou vle l' la. Rebati miray Jerizalèm yo.
- 19 Lè sa a, w'a pran plezi nan ofrann bèt ki jis yo, nan ofrann boule ak ofrann boule nèt pou ou yo. Lè sa a, y'a ofri towo bèf sou lotèl ou a.