ElohimEmet

Som 53 KreyolAyisyen

🔊 Som 53 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Pou chèf mizisyen yo. Sou chante Mahalat la. Se yon sòm David. Moun fou a di nan kè l': Pa gen Bondye. Yo fin pouri. Yo fè yon bann mechanste ki derespektan. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
  2. 2 Bondye soti nan syèl la, li gade anba sou pitit lèzòm yo, pou l wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo ki t'ap chèche Bondye.
  3. 3 Yo tout vire do ba li. Yo tout fin sal tèt yo. Pa gen yonn ki fè sa ki byen, pa menm yon sèl.
  4. 4 Moun k'ap fè mechanste yo, yo pa konn anyen? Yo devore pèp mwen an tankou yo manje pen. Yo pa menm rele Bondye.
  5. 5 Yo te pè anpil, kote yo pa t' pè anyen. Bondye gaye zo moun ki te kanpe kont ou yo. Ou fè yo wont, paske Bondye meprize yo.
  6. 6 Si delivrans pèp Izrayèl la te soti Siyon! Lè Bondye va fè pèp li a soti nan prizon ankò, pèp Jakòb la va kontan, pèp Izrayèl la va kontan anpil.

⟨ Chapit Presedan Som53 Chapit Swivan ⟩