ElohimEmet

Som 114 KreyolAyisyen

🔊 Som 114 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Lè Izrayèl te soti kite peyi Lejip, lè moun fanmi Jakòb yo te soti nan yon pèp ki pale lang etranje,
  2. 2 Jida te sèvi kòm kote Bondye mete apa pou li, Izrayèl te sèvi kòm wa pou li.
  3. 3 Lanmè a wè sa, li kouri kouri; Jouden an pouse bak.
  4. 4 Mòn yo t'ap sote tankou bouk mouton; ti mòn yo t'ap sote tankou ti mouton.
  5. 5 Kisa k'ap pase ou, lanmè, kifè ou kouri al kache? Ou menm lòt bò larivyè Jouden, kifè yo repouse ou?
  6. 6 Nou menm mòn yo, nou sote sote tankou belye mouton; nou menm ti mòn yo, nou sote sote tankou ti mouton?
  7. 7 Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la.
  8. 8 Ki te fè wòch la tounen yon dlo ki kanpe, li te fè silik la tounen yon sous dlo.

⟨ Chapit Presedan Som114 Chapit Swivan ⟩