ElohimEmet

Som 115 KreyolAyisyen

🔊 Som 115 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Pa pou nou, O Seyè, pa pou nou, men bay non ou glwa a, poutèt mizèrikòd ou ak verite ou.
  2. 2 Poukisa moun lòt nasyon yo ta di: Kote Bondye yo a?
  3. 3 Men Bondye nou an, li nan syèl la; li fè tou sa l' vle.
  4. 4 Zidòl yo se ajan ak lò, travay lèzòm fè ak men yo.
  5. 5 Yo gen bouch, men yo pa pale; yo gen je, men yo pa wè.
  6. 6 Yo gen zòrèy, men yo pa tande; yo gen nen, men yo pa pran sant.
  7. 7 Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen; yo gen pye, men yo pa ka mache; yo pa ka pale nan gòj yo.
  8. 8 Moun ki fè yo, se tankou yo ye; tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se menm jan ak yo.
  9. 9 Nou menm pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a; se li menm ki tout sekou yo, se tout pwoteksyon yo.
  10. 10 Nou menm, fanmi Arawon an, mete konfyans nou nan Seyè a; se li menm ki tout sekou yo ak tout pwoteksyon yo.
  11. 11 Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, mete konfyans nou nan li; se li menm ki tout sekou yo, se tout pwoteksyon yo.
  12. 12 Seyè a te sonje nou; l'ap beni nou; l'ap beni kay Izrayèl la; l'ap beni kay Arawon an.
  13. 13 L'ap beni tout moun ki gen krentif pou Seyè a, piti kou gran.
  14. 14 Seyè a va fè ou vin pi plis toujou, ou menm ak pitit ou yo.
  15. 15 Seyè a ki fè syèl la ak tè a ap beni nou.
  16. 16 Syèl la, wi syèl la se pou Seyè a; men li bay lèzòm tè a.
  17. 17 Se pa moun mouri ki fè lwanj Seyè a; se pa moun ki desann kote mò yo ye a ki fè lwanj li.
  18. 18 Men nou menm, n'ap di Bondye mèsi depi kounye a ak pou tout tan. Lwanj pou Seyè a.

⟨ Chapit Presedan Som115 Chapit Swivan ⟩