Som 113 KreyolAyisyen
🔊 Som 113
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Lwanj pou Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj pou non Seyè a!
- 2 Benediksyon pou non Seyè a depi kounye a ak pou tout tan.
- 3 Depi solèy leve jouk li kouche, se pou yo fè lwanj non Seyè a.
- 4 Seyè a anwo tout nasyon yo; glwa li pi wo pase syèl la.
- 5 Ki moun ki tankou Seyè a, Bondye nou an, ki rete anwo nan syèl la?
- 6 Ki moun ki imilye tèt li pou l' gade bagay ki nan syèl la ak bagay ki sou tè a!
- 7 Li bay pòv yo men pou yo leve soti nan pousyè a; li bay endijan yo men pou yo soti nan fatra a.
- 8 Pou l' ka mete yo chita avèk chèf yo, wi, avèk chèf pèp li a.
- 9 Li fè fanm ki pa ka fè pitit la rete pou l' rete; li fè l' tounen yon manman ki gen pitit ak kè kontan. Lwanj pou Seyè a.