ElohimEmet

Som 112 KreyolAyisyen

🔊 Som 112 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Lwanj pou Seyè a. Benediksyon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, pou moun ki pran anpil plezi nan kòmandman li yo.
  2. 2 Desandan l' yo va gen pouvwa sou latè; moun ki mache dwat yo va jwenn benediksyon.
  3. 3 Ap gen richès ak byen lakay li; jistis li ap la pou tout tan.
  4. 4 Nan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo; li gen kè sansib, li gen konpasyon, li pa nan patipri.
  5. 5 Yon bon moun montre favè, epi li prete; l'ap dirije zafè l' avèk sajès.
  6. 6 Se sèten li p'ap janm brannen; moun ki mache dwat yo ap toujou nan memwa yo.
  7. 7 Li p'ap pè move nouvèl; kè l' fèm, li mete tout konfyans li nan Seyè a.
  8. 8 Kè l' byen fèm, li p'ap pè anyen, jouktan li wè jan l' vle pou lènmi l' yo.
  9. 9 Li gaye, li bay pòv yo; jistis li la pou tout tan. Y'ap leve kòn li avèk onè.
  10. 10 Mechan an va wè sa, epi l'ap lapenn; l'ap manje dan l', l'ap pèdi souf. Tou sa mechan an va vle ap disparèt.

⟨ Chapit Presedan Som112 Chapit Swivan ⟩