Som 4 KreyolAyisyen
🔊 Som 4
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 (Pou chèf mizisyen yo ki chante pou yo chante Neginòt. Se yon sòm David.) Lè m'ap rele, koute m' non, Bondye, ou jistis mwen! Lè m' nan tray, ou mete m' nan gwo lajwa. Gen pitye pou mwen, tande lapriyè mwen.
- 2 Nou menm pitit lèzòm yo, konbyen tan ankò n'a fè glwa mwen tounen yon wont? Konbyen tan ankò n'a kontinye renmen vanite, n'a kontinye chache twonpe moun? Sela.
- 3 Men, konnen se Seyè a ki mete moun ki gen krentif pou li apa pou li. Seyè a va tande lè mwen rele l'.
- 4 Rete trankil, pa fè peche. Pale ak kè ou pandan w ap dòmi, rete trankil. Sela.
- 5 Ofri sakrifis jistis yo, epi mete konfyans ou nan Seyè a.
- 6 Gen anpil moun k'ap di: -Ki moun ki ka fè nou wè bon bagay? Seyè, fè nou wè limyè fas ou.
- 7 Ou mete plis lajwa nan kè m' pase lè yo te konn bay anpil ble ak diven.
- 8 M'ap kouche ak kè poze, m'ap dòmi, paske se ou menm sèl, Seyè, ki fè m' rete an sekirite.