ElohimEmet

Som 3 KreyolAyisyen

🔊 Som 3 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 (Se yon sòm David. Lè David t'ap kouri pou Absalon, pitit li a.) Seyè, moun k'ap fè m' mal yo anpil! Moun ki leve dèyè m' yo anpil !
  2. 2 Gen anpil moun k'ap di sou nanm mwen: -Pa gen sekou pou li nan Bondye. Sela.
  3. 3 Men ou menm, Seyè, ou se yon pwoteksyon pou mwen. Se ou menm ki pou pwoteje m', se ou menm ki pou fè m' kanpe dwat.
  4. 4 Mwen kriye nan pye Seyè a ak tout vwa mwen, li reponn mwen depi sou mòn sakre li a. Sela.
  5. 5 Mwen kouche, mwen dòmi; mwen reveye, paske Seyè a te soutni mwen.
  6. 6 Mwen p'ap pè dimil (1000) moun, ki kanpe bò kote m' yo.
  7. 7 Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou frape tout lènmi m' yo nan machwè, ou kase dan mechan yo.
  8. 8 Se Seyè a ki bay delivrans lan ; benediksyon ou sou pèp ou a. (Selah)

⟨ Chapit Presedan Som3 Chapit Swivan ⟩