ElohimEmet

Som 14 KreyolAyisyen

🔊 Som 14 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 (Pou chèf mizisyen yo. Se yon sòm David.) Moun fou a di nan kè l': Pa gen Bondye. Yo fin pouri, yo fè bagay ki derespektan. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
  2. 2 Seyè a soti nan syèl la, li gade anba sou pitit lèzòm yo, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo ki chache Bondye.
  3. 3 Yo tout lage kò yo nan fè sa ki mal, yo tout vin sal nèt. Pa gen yonn ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl.
  4. 4 Tout moun k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konn anyen? Y'ap devore pèp mwen an tankou yo manje pen. Yo pa menm rele Seyè a.
  5. 5 Yo te pè anpil, paske Bondye te nan mitan moun ki mache dwat yo.
  6. 6 Nou fè plan pòv yo pase pou anyen, paske se Seyè a ki tout pwoteksyon li.
  7. 7 Si delivrans pèp Izrayèl la te soti Siyon! Lè Seyè a va fè pèp li a soti nan prizon tounen, pèp Jakòb la va kontan, pèp Izrayèl la va kontan anpil.

⟨ Chapit Presedan Som14 Chapit Swivan ⟩