Som 13 KreyolAyisyen
🔊 Som 13
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 (Pou chèf mizisyen yo. Se yon sòm David.) Konbyen tan w'a bliye m', Seyè? Pou tout tan? Konbyen tan w'a kache figi ou pou mwen?
- 2 Konbyen tan ankò m'a gen lapenn nan kè m' chak jou? Konbyen tan ankò lènmi m' lan va rete ap domine mwen?
- 3 Gade m', koute m' non, Seyè, Bondye mwen. Fè je m' leve, pou m' pa dòmi tankou moun mouri.
- 4 Pou lènmi m' pa di: Mwen gen pouvwa sou li. Moun k'ap boulvèse m' yo pa ka kontan lè m' pèdi tèt mwen.
- 5 Men, mwen mete konfyans mwen nan mizèrikòd ou; kè m' ap rejwi nan delivrans ou.
- 6 M'ap chante pou Seyè a, paske li te bon pou mwen.