ElohimEmet

Som 128 KreyolAyisyen

🔊 Som 128 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 (Yon chan degre.) Benediksyon pou tout moun ki gen krentif pou Seyè a, pou tout moun ki mache nan chemen li yo.
  2. 2 Paske w'ap jwenn travay men ou fè ak men ou manje. Ou p'ap gen pwoblèm, tout bagay ap mache byen pou ou.
  3. 3 Madanm ou ap tankou yon pye rezen ki donnen toutotou kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou plant oliv toutotou tab ou.
  4. 4 Se konsa Bondye va beni moun ki gen krentif pou li.
  5. 5 Seyè a va beni ou depi Siyon. Ou va wè byen lavil Jerizalèm tout jou nan lavi ou.
  6. 6 Wi, ou va wè pitit pitit ou yo. Lapè sou pèp Izrayèl la.

⟨ Chapit Presedan Som128 Chapit Swivan ⟩