ElohimEmet

Som 127 KreyolAyisyen

🔊 Som 127 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 (Yon chan pou Salomon.) Si Seyè a pa bati kay la, se pou gremesi moun k'ap bati l' yo travay. Si Seyè a pa veye lavil la, se pou gremesi moun k'ap veye yo ap veye.
  2. 2 Li pa vo anyen pou nou leve granmaten, pou nou chita byen ta, pou nou manje pen nan lapenn: paske se konsa Bondye bay moun li renmen yo dòmi.
  3. 3 Pitit yo se yon byen Seyè a bay: Pitit ki soti nan vant lan se rekonpans li.
  4. 4 Menm jan ak flèch nan men yon vanyan gason, se konsa pitit gason ki fèk fèt yo ye.
  5. 5 Benediksyon pou moun ki gen tout zam sa yo ladan l'! Yo p'ap wont lè y'ap pale ak lènmi yo nan pòtay la.

⟨ Chapit Presedan Som127 Chapit Swivan ⟩