ElohimEmet

Som 121 KreyolAyisyen

🔊 Som 121 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 (Yon chan degre.) M'ap leve je m', gade mòn yo! Kote sekou m'ap soti?
  2. 2 Sekou mwen soti nan men Seyè a, li menm ki fè syèl la ak tè a.
  3. 3 Li p'ap kite pye ou glise, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.
  4. 4 Gade, moun k'ap veye Izrayèl la p'ap kabicha, ni dòmi.
  5. 5 Seyè a se gadò ou, Seyè a se lonbray ou k'ap veye bò dwat ou.
  6. 6 Solèy la p'ap fè ou anyen lajounen, ni lalin lan p'ap fè ou anyen lannwit.
  7. 7 Seyè a va pwoteje ou kont tout mal: l'ap pwoteje nanm ou.
  8. 8 Seyè a va pwoteje ou, kit ou soti, kit ou antre, depi kounye a ak pou tout tan.

⟨ Chapit Presedan Som121 Chapit Swivan ⟩