ElohimEmet

Som 120 KreyolAyisyen

🔊 Som 120 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 (Yon chan degre.) Nan mizè mwen te ye a, mwen kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen.
  2. 2 Delivre nanm mwen, O Seyè, anba bouch mantè, ak anba lang twonpe moun.
  3. 3 Kisa y'a ba ou? Kisa y'a fè ou, lang mantè?
  4. 4 Flèch byen file vanyan sòlda yo, ak chabon jenèv ki limen.
  5. 5 Malè pou mwen, paske mwen rete Mechèk, paske mwen rete anba tant Keda yo!
  6. 6 Nanm mwen rete lontan ak moun ki rayi lapè yo.
  7. 7 Mwen pou lapè; men lè mwen pale, yo menm se pou lagè.

⟨ Chapit Presedan Som120 Chapit Swivan ⟩