Revelasion 7 KreyolAyisyen
🔊 Revelasion 7
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Apre tout bagay sa yo, mwen wè kat zanj kanpe nan kat kwen latè a. Yo t ap kenbe kat van yo, pou van pa soufle ni sou tè a, ni sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.
- 2 Mwen wè yon lòt zanj k ap monte soti bò solèy leve a. Li te gen so Bondye vivan an nan men li. Li rele byen fò bay kat zanj yo ki te gen pouvwa pou fè tè a ak lanmè a mal.
- 3 Li di: Pa fè tè a, ni lanmè a, ni pyebwa yo mal, toutotan nou pa fin make sèvitè Bondye nou an sou fwon yo.
- 4 Mwen tande kantite moun ki te sele yo: te gen san karantkat mil (144,000) moun ki te sele yo, nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la.
- 5 Douz mil nan tribi Jida; douz mil nan tribi Woubenn; douz mil nan tribi Gad.
- 6 Douz mil nan tribi Asè; douz mil nan tribi Nèftali; douz mil nan tribi Manase.
- 7 Douz mil nan tribi Simeyon; douz mil nan tribi Levi; douz mil nan tribi Isaka.
- 8 Douz mil nan tribi Zabilon; douz mil nan tribi Jozèf; douz mil nan tribi Benjamen.
- 9 Apre sa, mwen gade, epi mwen wè yon gwo foul moun pèsonn pa t kapab konte, moun ki soti nan tout nasyon, tout fanmi, tout pèp ak tout lang. Yo te kanpe devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, abiye ak rad blan, ak palmis nan men yo.
- 10 Yo t ap rele byen fò, yo t ap di: Delivrans lan se pou Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ansanm ak pou Ti Mouton an.
- 11 Tout zanj yo te kanpe bò kote twòn nan, ak granmoun yo ak kat bèt vivan yo. Yo tonbe ajenou fas atè devan twòn nan, epi yo adore Bondye.
- 12 Yo t ap di: Amèn! Benediksyon, glwa, sajès, rekonesans, onè, puisans ak fòs se pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn.
- 13 Youn nan granmoun yo reponn, li di mwen: Moun sa yo ki abiye ak rad blan yo, kiyès yo ye? Ki kote yo soti?
- 14 Mwen di li: Mèt, ou konnen. Li di mwen: Se moun ki soti nan gwo tribilasyon an. Yo lave rad yo, epi yo blanchi yo nan san Ti Mouton an.
- 15 Se poutèt sa, yo kanpe devan twòn Bondye a; lajounen kou lannwit yo sèvi li nan tanp li. Moun ki chita sou twòn nan ap rete nan mitan yo.
- 16 Yo p ap grangou ankò, yo p ap swaf ankò; solèy la ni okenn chalè p ap brile sou yo.
- 17 Paske Ti Mouton ki nan mitan twòn nan pral manje yo, li pral mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a; epi Bondye va siye tout dlo nan je yo.