Revelasion 5 KreyolAyisyen
🔊 Revelasion 5
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Epi mwen te wè nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan yon liv ki te gen sèt sele, ekri sou anndan ak sou dèyè.
- 2 Epi mwen wè yon zanj pwisan ki t'ap pale byen fò, li di: Ki moun ki ka louvri liv la, kase sele l' yo?
- 3 Epi pa t gen pèsonn ni nan syèl la, ni sou tè a, ni anba tè a ki te kapab louvri liv la pou gade l.
- 4 Epi mwen t ap kriye anpil, paske pa t gen pèsonn ki te kapab louvri liv la pou li l, ni pou gade l.
- 5 Epi youn nan granmoun yo di mwen: Pa kriye. Gade, lyon ki soti nan branch fanmi Jida a, Rasin David la, te genyen batay la pou l louvri liv la epi pou l kase sèt sele l yo.
- 6 Mwen gade, epi mwen wè yon Ti Mouton kanpe nan mitan twòn nan ak kat bèt vivan yo, ansanm ak granmoun yo. Li te gen sèt kòn ak sèt je, ki se sèt Lespri Bondye yo voye sou tout latè.
- 7 Epi li vini, li pran liv la nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan.
- 8 Lè l fin pran liv la, kat bèt vivan yo ak vennkat granmoun yo tonbe ajenou devan Ti Mouton an. Yo chak te gen gita ak gode an lò plen ak sant ki se lapriyè sen yo.
- 9 Epi yo t'ap chante yon kantik nèf, yo t'ap di: Ou merite pou ou pran liv la, pou ou kase sele yo. Paske yo te touye ou. Se ak san ou ou te delivre nou pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.
- 10 Ou fè nou tounen wa ak prèt pou Bondye nou an, epi n ap gouvènen sou latè.
- 11 Mwen gade byen wo, epi mwen tande vwa yon pakèt zanj, toutotou twòn nan, ansanm ak bèt vivan yo ak granmoun yo. Te gen dimil milyon ak dimil milyon.
- 12 Yo t'ap pale byen fò, yo t'ap di: Ti Mouton yo te touye a merite pou l' resevwa pouvwa, richès, sajès, fòs, respè, glwa ak benediksyon.
- 13 Mwen tande tout kreyati ki nan syèl la, sou tè a, anba tè a, nan lanmè a ak tout sa ki ladan yo. Yo tout t'ap di: Benediksyon, respè, glwa ak puisans pou Moun ki chita sou twòn nan ak pou Ti Mouton an, pou tout tan.
- 14 Kat bèt vivan yo t'ap di: Amèn. Vennkat granmoun yo tonbe ajenou, yo adore moun ki vivan pou tout tan an.