ElohimEmet

Matye 16 KreyolAyisyen

🔊 Matye 16 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Farizyen yo ak Sadiseyen yo te vini tou, yo te vle tante Jezi pou l' montre yo yon siy ki soti nan syèl la.
  2. 2 Li reponn yo: Lè solèy la rive, nou di: Tan an pral bèl, paske syèl la wouj.
  3. 3 Epi nan granmaten: Tan an pral fè move jodi a, paske syèl la wouj, li twoub. Bann ipokrit! Nou konn li figi syèl la, men nou pa konn siy tan yo.
  4. 4 Yon jenerasyon mechan ak adiltè ap chèche yon siy; men yo p'ap ba li okenn siy, eksepte siy pwofèt Jonas la. Lè sa a, li kite yo, li ale.
  5. 5 Lè disip li yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen.
  6. 6 Lè sa a, Jezi di yo: Fè atansyon, pran prekosyon nou ak ledven Farizyen yo ak ledven Sadiseyen yo.
  7. 7 Epi yo t'ap diskite ant yo menm, yo t'ap di: Se paske nou pa pote pen.
  8. 8 Jezi wè sa, li di yo: Ala moun ki manke lafwa! Poukisa n'ap di se paske nou pa pote pen!
  9. 9 Èske nou poko konprann toujou? Nou pa chonje senk pen pou senkmil moun yo? Nou pa sonje konbyen pànye nou te pote ale?
  10. 10 Ni sèt pen pou katmil moun yo, ni konbe pànye nou te pote ale?
  11. 11 Ki jan fè nou pa konprann se sou pen mwen pa t' di nou sa, pou nou fè atansyon ak ledven Farizyen yo ak Sadiseyen yo?
  12. 12 Lè sa a, disip yo konprann li te di yo pou yo pa pran prekosyon ak ledven pen an, men pou yo pran prekosyon ak ansèyman Farizyen yo ak Sadiseyen yo.
  13. 13 Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip la, li poze disip li yo kesyon sa a: Ki moun yo di mwen ye, Pitit Lòm nan?
  14. 14 Yo di li: Gen moun ki di ou se Jan Batis. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ki di ou se Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo.
  15. 15 Li di yo: Men nou menm, ki moun nou di mwen ye?
  16. 16 Simon Pyè reponn li: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
  17. 17 Jezi reponn li: Ou menm, Simon, pitit Jonas, ou se yon moun Bondye beni. Paske, se pa chè ak san ki fè ou konnen sa. Se Papa m' ki nan syèl la.
  18. 18 Mwen menm, mwen di ou: Ou se Pyè, epi sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen an. Pòt lanfè yo p'ap gen pouvwa kont li.
  19. 19 M'ap ba ou kle wayòm syèl la. Tou sa ou mare sou latè, va mare nan syèl la tou. Tou sa ou lage sou latè, va lage nan syèl la tou.
  20. 20 Lè sa a, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pèsonn se Jezi ki Kris la.
  21. 21 Depi lè sa a, Jezi kòmanse montre disip li yo li gen pou l' al Jerizalèm, pou l' soufri anpil nan men ansyen yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, pou yo touye l', epi pou l' resisite sou twazyèm jou a.
  22. 22 Lè sa a, Pyè pran Jezi, li kòmanse di l' byen fèm, li di l' konsa: Mande Bondye padon, Mèt! Sa p'ap rive ou.
  23. 23 Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: Wete kò w' sou mwen, Satan. Ou se yon okazyon pou mwen tonbe. Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm vle.
  24. 24 Lè sa a, Jezi di disip li yo: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou l' nye tèt li, se pou l' chaje kwa l' epi swiv mwen.
  25. 25 Paske, nenpòt moun ki ta vle sove lavi l' ap pèdi l'; men nenpòt moun ki ta pèdi lavi l' poutèt mwen va jwenn li ankò.
  26. 26 Paske, ki sa sa ta sèvi yon moun si l' ta genyen lemonn antye epi l' pèdi nanm li? Oubyen kisa yon moun ta bay an echanj pou nanm li?
  27. 27 Paske, Pitit Lòm nan gen pou l' vini nan tout bèl pouvwa Papa l' ak zanj li yo; epi lè sa a, l'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
  28. 28 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Gen kèk moun ki la isit la ki p'ap mouri jouktan yo wè Pitit Lòm nan vini nan wayòm li an.

⟨ Chapit Presedan Matye16 Chapit Swivan ⟩