ElohimEmet

Matye 15 KreyolAyisyen

🔊 Matye 15 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ak farizyen ki te soti Jerizalèm pwoche bò kot Jezi, yo di l':
  2. 2 Poukisa disip ou yo pa swiv tradisyon granmoun lontan yo? Yo pa lave men yo lè y'ap manje.
  3. 3 Men, li reponn yo: Poukisa nou menm tou nou dezobeyi kòmandman Bondye a pou nou swiv tradisyon pa nou?
  4. 4 Paske Bondye te bay lòd sa a: Respekte papa ou ak manman ou. Moun ki madichonnen papa oswa manman, se pou yo touye l'.
  5. 5 Men nou menm nou di: Nenpòt moun ki di papa l' osinon manman l': Nenpòt bagay m' ta ka ede ou nan men m', se yon kado yo ban mwen,
  6. 6 Pa fè ni onè papa l' ni manman l', konsa l'a lib. Konsa, nou fè kòmandman Bondye a vin pa vo anyen ak pawòl nou yo.
  7. 7 Ipokrit, Ezayi te byen pale de nou lè l' te di:
  8. 8 Pèp sa a pwoche bò kote m' ak bouch li, epi l'ap onore m' ak bouch li; men kè yo byen lwen mwen.
  9. 9 Men, se pou gremesi y'ap adore mwen. Lè y'ap moutre moun, se kòmandman lèzòm y'ap bay doktrin.
  10. 10 Epi li rele foul moun yo, li di yo: Koute byen, konprann byen.
  11. 11 Se pa sa ki antre nan bouch yon moun ki sal li. Men, se sa ki soti nan bouch la ki sal li.
  12. 12 Lè sa a, disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Ou konnen Farizyen yo ofanse lè yo tande pawòl sa a?
  13. 13 Men, li reponn yo: Tout plant Papa m' ki nan syèl la pa plante, gen pou yo derasinen l'.
  14. 14 Kite yo! Se avèg k'ap mennen avèg lòt bò yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan twou a.
  15. 15 Lè sa a, Pyè reponn li, li di li konsa: Esplike nou parabòl sa a.
  16. 16 Epi Jezi di: Nou menm tou, èske nou pa gen konprann toujou?
  17. 17 Nou pa konprann toujou ke tout sa ki antre nan bouch yon moun, se nan vant li li prale. Apre sa, li voye l' jete deyò.
  18. 18 Men, bagay ki soti nan bouch yon moun, se nan kè l' sa soti. Se yo ki sal moun nan.
  19. 19 Paske, se nan kè l' move lide soti, lide touye moun, lide adiltè, lide imoralite, lide vòl, lide fo temwayaj, lide joure moun.
  20. 20 Men bagay sa yo ki sal yon moun. Men, manje ak men sal pa sal yon moun.
  21. 21 Apre sa, Jezi kite kote l' te ye a, li ale nan zòn Tir ak Sidon.
  22. 22 Epi, yon fanm, moun peyi Kanaran ki soti nan menm zòn nan, li rele byen fò, li di Jezi konsa: Senyè, pitit David la, gen pitye pou mwen. Pitit fi mwen an gen yon move lespri sou li.
  23. 23 Men, li pa reponn li yon mo. Disip li yo pwoche bò kote l', yo sipliye l' konsa: Voye l' ale. Paske, l'ap rele dèyè nou.
  24. 24 Men, li reponn, li di: Se pa sèlman pou mouton ki pèdi nan kay Izrayèl la yo voye m'.
  25. 25 Lè sa a, li vini, li adore Jezi, li di: Senyè, ede m' non.
  26. 26 Men, li reponn yo: Sa pa bon pou pran pen timoun yo pou bay chen.
  27. 27 Epi li di: Se vre wi, Mèt: Men chen yo manje ti kal pen ki tonbe sot sou tab mèt yo.
  28. 28 Lè sa a, Jezi reponn li: Madanm, ou gen anpil lafwa. Se pou tout bagay rive pou ou jan ou vle a. Menm lè sa a, pitit fi li a te geri.
  29. 29 Jezi kite la, li rive bò lanmè Galile a; li monte sou yon mòn, li chita la.
  30. 30 Epi yon gwo foul moun te vin jwenn li, yo te mennen avèk yo moun ki t'ap bwete, moun ki te avèg, moun ki te bèbè, moun ki te enfim ansanm ak anpil lòt moun malad. Yo te mete yo atè nan pye Jezi; epi Jezi te geri yo.
  31. 31 Te tèlman fò foul moun yo te sezi lè yo wè bèbè yo pale, enfim yo geri, moun k'ap bwete yo mache byen, avèg yo wè: epi yo t'ap fè lwanj Bondye Izrayèl la.
  32. 32 Jezi rele disip li yo, li di: Kè m' fè m' mal pou foul moun sa a. Sa fè twa jou deja yo la avè m', yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen p'ap voye yo ale san manje, pou yo pa tonbe feb sou wout la.
  33. 33 Disip li yo di li: Nan dezè a, ki kote pou nou jwenn pen pou plen vant tout moun sa yo?
  34. 34 Jezi mande yo: Konbyen pen nou genyen? Yo reponn: Sèt pen ak kèk ti pwason.
  35. 35 Epi li bay lòd pou foul moun yo chita atè.
  36. 36 Epi li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li bay disip li yo, epi disip yo bay foul moun yo.
  37. 37 Yo tout te manje plen vant yo. Disip yo plen sèt panyen ak moso ki te rete yo.
  38. 38 Te gen kat mil gason ki te manje, san konte fanm ak timoun.
  39. 39 Epi li voye foul moun yo ale, li monte nan yon bato, epi li ale nan zòn Magadan an.

⟨ Chapit Presedan Matye15 Chapit Swivan ⟩