ElohimEmet

Levitik 24 KreyolAyisyen

🔊 Levitik 24 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
  2. 2 Bay moun Izrayèl yo lòd pou yo pote ba ou pi bon kalite lwil oliv kraze pou lanp yo, pou lanp yo ka toujou limen.
  3. 3 Depi aswè jouk maten, Arawon va toujou ranje l' devan Seyè a, deyò rido ki devan Bwat Kontra a, nan Tant Randevou a. Sa va yon lwa pou tout tan pou nou, de jenerasyon an jenerasyon.
  4. 4 L'a toujou ranje lanp yo sou gwo lanp sèt branch lan ki byen fèt devan Seyè a.
  5. 5 W'a pran bon farin frans, w'a fè douz pen. Chak pen va gen de dizyèm liv farin.
  6. 6 W'a mete yo sou de ran, sis nan chak ran, sou tab lò a ki devan Seyè a.
  7. 7 W'a mete lansan pi bon kalite sou chak ran pen yo. Se lansan sa a ki va sou pen yo pou yo pa janm bliye, tankou yon ofrann yo boule nan dife pou Seyè a.
  8. 8 Chak jou repo, l'a mete pen sa a devan Seyè a san rete. Se yon alyans pou pèp Izrayèl la ki pou tout tan.
  9. 9 Se pou Arawon ak pitit gason l' yo y'a manje l' nan yon kote ki apa pou Bondye, paske se yon bagay ki apa nèt pou yo nan ofrann yo boule pou Seyè a. Se yon lwa ki la pou tout tan.
  10. 10 Manman l' te yon moun pèp Izrayèl, men papa l' te yon moun peyi Lejip. Pitit gason fanm Izrayelit la te soti nan mitan pèp Izrayèl la, epi li pete yon kont nan kan an avèk yon nonm pèp Izrayèl la.
  11. 11 Pitit gason fanm Izrayelit la te pale mal sou non Seyè a, li te ba l' madichon. Yo mennen l' bay Moyiz. (Manman l' te rele Chelomit, pitit fi Dibri, moun branch fanmi Dann lan.)
  12. 12 Yo mete l' nan prizon, pou Seyè a te ka fè yo konnen sa li vle.
  13. 13 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
  14. 14 Mennen nonm lan deyò kan an. Se pou tout moun ki te tande l' mete men yo sou tèt li. Se pou tout moun kalonnen l' wòch.
  15. 15 Epi w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Nenpòt moun ki bay Bondye madichon, l'a peye pou peche l' fè a.
  16. 16 Nenpòt moun ki derespekte non Seyè a, se pou yo touye l'. Tout pèp la va kalonnen l' wòch. Kit se yon etranje, kit se yon moun nan peyi a, lè li derespekte non Seyè a, se pou yo touye l'.
  17. 17 Nenpòt moun ki touye yon lòt moun, se pou yo touye l'.
  18. 18 Nenpòt moun ki touye yon bèt, se pou l' rann li kont li. Bèt pou bèt.
  19. 19 Si yon moun fè yon lòt moun mal, y'a fè l' menm sa li te fè a.
  20. 20 Kase pou kase, je pou je, dan pou dan: Menm jan li te lakòz yon moun mal, se konsa y'a fè l' tou.
  21. 21 Nenpòt moun ki touye yon bèt, se pou l' renmèt li. Nenpòt moun ki touye yon moun, se pou yo touye l'.
  22. 22 Va gen yon sèl lwa pou tout moun, kit se pou yon etranje, kit se pou yon moun nan peyi a, paske mwen se Seyè a, Bondye nou an.
  23. 23 Moyiz di pèp Izrayèl la, epi yo mennen nonm ki te bay madichon an deyò kan an, yo kalonnen l' wòch. Moun Izrayèl yo te fè jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.

⟨ Chapit Presedan Levitik24 Chapit Swivan ⟩