Ezekyel 15 KreyolAyisyen
🔊 Ezekyel 15
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Epi pawòl Seyè a vin jwenn mwen, li di:
- 2 Pitit lòm, kisa pye rezen an genyen ki pi enpòtan pase tout lòt pyebwa, oubyen ki branch ki nan mitan pyebwa nan rakbwa?
- 3 Èske yo ka pran bwa ladan l pou fè anyen? Oubyen èske yo ka pran yon pikèt pou pann bagay sou li?
- 4 Gade, yo jete l nan dife pou limen l. Dife a devore de bout li yo, mitan an boule nèt. Èske li bon pou fè anyen avè l?
- 5 Gade, lè l te antye, yo pa t ka fè anyen avè l. Ale wè si dife fin boule l, li p ap fè anyen avè l ankò!
- 6 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye a, di: Menm jan yon pye rezen nan mitan yon rakbwa, yon pye rezen mwen lage nan dife pou boule l, se konsa m ap fini ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo.
- 7 M ap vire figi m kont yo. Yo pral soti nan yon dife, men yon lòt dife pral devore yo. Lè m a vire figi m kont yo, n a konnen se mwen menm ki Seyè a.
- 8 M ap fè peyi a tounen yon dezè, paske yo te fè yon bagay ki pa kòrèk. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.