2Kwonik 5 KreyolAyisyen
🔊 2Kwonik 5
KreyolAyisyen
🔇 Audio not available
Expected:
wwwroot/BibleAudio/KreyolAyisyen/OldTestament/2Kwonik/5.mp3
- 1 Se konsa Salomon fin fè tout travay li te gen pou l' fè pou kay Seyè a. Li pote tout bagay David, papa l', te mete apa pou Bondye: ajan, lò ak tout lòt bagay ki te pou sèvi nan tanp Seyè a.
- 2 Lè sa a, Salomon reyini tout ansyen pèp Izrayèl yo, chèf tribi yo, chèf fanmi pèp Izrayèl la, ansanm ak tout lòt chèf yo, lavil Jerizalèm, pou yo pote Bwat Kontra Seyè a soti lavil David la, ki rele Siyon.
- 3 Pandan fèt setyèm mwa a, tout pèp Izrayèl la te rasanble bò kote wa a.
- 4 Lè ansyen pèp Izrayèl yo te vini, Levit yo pote Bwat Kontra a.
- 5 Yo pote Bwat Kontra a monte, Tant Randevou a, ansanm ak tout bagay sakre ki te ladan l'. Se prèt yo ak Levit yo ki te pote yo.
- 6 Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la ki te rasanble bò kote l' devan Bwat Kontra a te ofri bèt pou touye, yon kantite mouton ak bèf moun pa t' ka konte, sitèlman yo te anpil.
- 7 Prèt yo pote Bwat Kontra Seyè a nan plas li, nan tanp lan, nan kote ki apa nèt pou Bondye a, anba zèl cheriben yo.
- 8 Cheriben yo te louvri zèl yo anwo kote Bwat Kontra a te ye a, epi yo te kouvri Bwat Kontra a ansanm ak poto yo te sèvi pou pote l'.
- 9 Yo te ka wè bout poto yo nan pyès ki apa pou Bondye a, kote yo te kanpe. Men, yo pa t' ka wè yo lòt kote ankò. Se konsa poto yo rete jouk jounen jòdi a.
- 10 Pa t' gen anyen nan Bwat Kontra a eksepte de wòch Moyiz te mete ladan l' sou mòn Orèb, lè Seyè a te fè alyans ak pèp Izrayèl la lè yo te soti kite peyi Lejip.
- 11 Lè prèt yo te soti nan kote ki apa pou Bondye a, (paske tout prèt ki te la yo te mete yo apa pou Bondye, yo pa t' rete nan gwoup yo).
- 12 Tout moun Levi ki te chantè yo, moun Asaf, Eman ak Jedoutoun, ansanm ak pitit gason yo ak frè yo, te abiye an twal fin blan ak senbal, gita ak hap. Yo te kanpe bò solèy leve lotèl la. Te gen sanven (120) prèt avèk yo ki t'ap jwe twonpèt.
- 13 Lè tout moun ki t'ap jwe twonpèt ak mizisyen yo te fè yon sèl vwa pou fè lwanj Seyè a, pou di l' mèsi, lè yo leve vwa yo ak twonpèt yo, senbal yo ak lòt enstriman mizik yo, epi yo di: Paske li bon, paske lanmou li p'ap janm fini; nyaj la ranpli kay Seyè a.
- 14 Konsa, prèt yo pa t' kapab kanpe pou fè sèvis yo akòz nyaj la, paske glwa Seyè a te ranpli kay Bondye a.