Women 6 KreyolAyisyen
🔊 Women 6
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Kisa n'a di lè sa a? Èske n'a kontinye viv nan peche pou favè Bondye a ka gen plis toujou?
- 2 Bondye padon. Ki jan nou ka kontinye viv nan peche, nou menm ki mouri pou peche?
- 3 Èske nou pa konnen tout moun nan nou ki te batize nan Jezikri, nou te batize nan lanmò li?
- 4 Se poutèt sa, nou antere ansanm avè l grasa batèm nan lanmò li. Konsa, menm jan Kris la te leve soti vivan nan lanmò grasa glwa Papa a, se konsa tou nou menm ka mache nan yon nouvo lavi.
- 5 Paske, si nou te fè yon sèl kò ak li nan lanmò li, n'a fè yon sèl kò ak li nan rezireksyon li tou.
- 6 Nou konnen sa byen: vye moun nou an te krisifye avèk li, pou kò peche a ka detwi, pou nou pa esklav peche ankò.
- 7 Paske, moun ki mouri a libere anba peche.
- 8 Kounye a, si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè n'ap viv ansanm avè l tou.
- 9 Nou konnen Kris la te resisite pami mò yo, li pa pral mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li ankò.
- 10 Paske, lè l te mouri, li te mouri pou peche yon sèl fwa. Men, lè l ap viv, l ap viv pou Bondye.
- 11 Menm jan an tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki mouri annegad peche, men ki vivan pou Bondye grasa Jezikri, Senyè nou an.
- 12 Pa kite peche donminen nan kò nou ki gen pou mouri a, pou nou pa obeyi tout dezi li yo.
- 13 Pa lage tout manm nou yo nan peche pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki vivan depi yo mouri, lage kò nou nan men Bondye. Lage tout manm nou yo nan men Bondye pou fè sa ki byen.
- 14 Peche p'ap gen pouvwa sou nou, paske nou pa anba lalwa a ankò, men anba favè Bondye a.
- 15 Kisa pou nou fè a? Paske nou pa anba lalwa a ankò, men anba favè Bondye a, èske nou ta dwe fè peche? Padon.
- 16 Nou pa konnen ke yon moun nou lage kò nou kòm esklav pou nou obeyi l, se esklav moun nou obeyi a nou ye? Kit se esklav peche pou lanmò, kit se esklav obeyisans pou jistis.
- 17 Men, ann di mèsi Bondye! Paske nou te esklav peche a, men nou te obeyi doktrin li te moutre nou an ak tout kè nou.
- 18 Konsa, lè nou delivre anba peche, nou vin esklav jistis.
- 19 M'ap pale konsa akoz feblès kò nou. Menm jan nou te lage tout manm nou yo nan sèvis pou fè sa ki mal ak pou fè mechanste, konsa tou kounye a, lage tout manm nou yo nan sèvis pou fè sa ki byen, pou nou ka viv apa pou Bondye.
- 20 Paske, lè nou te esklav peche a, nou pa t gen anyen pou n fè ak sa ki dwat.
- 21 Ki fwi nou te jwenn lè sa a nan bagay sa yo ki fè nou wont kounye a? Paske, finisman tout bagay sa yo se lanmò.
- 22 Men kounye a, lè nou delivre anba peche a, epi nou vin esklav Bondye, se konsa nou resevwa fwi ki mennen nan sentete a; epi bout pou bout, nou resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
- 23 Paske, rekonpans peche a se lanmò; men kado Bondye ban nou an se lavi etènèl grasa Jezikri, Senyè nou an.