ElohimEmet

Som 93 KreyolAyisyen

🔊 Som 93 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Seyè a ap gouvènen, li abiye ak majeste. Seyè a abiye ak fòs. Li mare tèt li ak ren li. Latè a byen fèm, li pa ka brannen.
  2. 2 Twòn ou an byen chita depi lontan. Ou la depi tout tan.
  3. 3 Lariv yo leve, O Seyè; dlo yo leve bri yo, dlo yo leve vag yo.
  4. 4 Seyè a ki anwo nan syèl la gen plis pouvwa pase bri gwo dlo yo, wi, pase gwo vag lanmè yo.
  5. 5 Temwayaj ou yo sèten anpil. Seyè, kay ou a se yon kote apa pou tout tan.

⟨ Chapit Presedan Som93 Chapit Swivan ⟩