ElohimEmet

Som 86 KreyolAyisyen

🔊 Som 86 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 (Yon priyè David.) Seyè, panche zòrèy ou, reponn mwen, paske mwen pòv malere san pwoteksyon.
  2. 2 Prezève nanm mwen, paske mwen sen. O Bondye mwen, sove sèvitè ou la ki mete konfyans li nan ou.
  3. 3 Gen pitye pou mwen, Senyè, paske chak jou m'ap kriye nan pye ou.
  4. 4 Fè kè sèvitè ou la kontan, paske se ou menm, Seyè, m'ap leve nanm mwen.
  5. 5 Paske ou menm, Seyè, ou bon, ou dispoze padone; ou gen anpil mizèrikòd pou tout moun ki rele ou.
  6. 6 Seyè, panche zòrèy ou nan lapriyè mwen; epi koute vwa siplikasyon mwen an.
  7. 7 Nan jou tray mwen an, m'ap rele ou, paske ou p'ap janm sispann reponn mwen.
  8. 8 Nan mitan bondye yo, pa gen tankou ou, O Seyè; ni pa gen travay ki tankou travay ou yo.
  9. 9 Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou, Seyè, y'ap fè lwanj non ou.
  10. 10 Paske ou gen pouvwa, ou fè bèl bagay. Se ou menm sèl ki Bondye.
  11. 11 Seyè, moutre m' chemen ou, pou m' mache nan verite ou a. Fè kè m' respekte non ou.
  12. 12 M'ap fè lwanj ou, Seyè, Bondye mwen, ak tout kè m'. M'ap fè lwanj non ou pou tout tan.
  13. 13 Paske ou gen anpil mizèrikòd pou mwen; ou delivre nanm mwen soti nan fon lanmò a.
  14. 14 O Bondye, awogan yo leve kont mwen, bann mechan yo ap chache nanm mwen. Yo pa mete ou devan yo.
  15. 15 Men ou menm, Seyè, ou se yon Bondye ki gen anpil konpasyon, ki gen bon kè. Ou gen pasyans, ou gen anpil mizèrikòd ak verite.
  16. 16 Vire vin jwenn mwen, gen pitye pou mwen. Bay sèvitè ou lafòs ou, sove pitit sèvant ou a.
  17. 17 Moutre m' yon siy ki fè byen, pou moun ki rayi m' yo ka wè l', epi yo ka wont. Paske, Seyè, ou te pote m' sekou, ou te konsole m'.

⟨ Chapit Presedan Som86 Chapit Swivan ⟩