ElohimEmet

Som 70 KreyolAyisyen

🔊 Som 70 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 (Pou chèf mizisyen yo. Yon sòm David, pou fè moun sonje.) O Bondye, prese pou delivre mwen; O Seyè, prese pou ede mwen.
  2. 2 Se pou moun k'ap chache pran nanm mwen yo wont ak konfonn; se pou yo tounen dèyè, se pou yo wont, moun ki vle fè m' mal yo.
  3. 3 Se pou yo tounen bak poutèt wont yo, moun k'ap di: Aha, aha!
  4. 4 Men se pou tout moun k'ap chache ou yo rejwi, se pou yo kontan nan ou; epi se pou moun ki renmen delivrans ou yo toujou di: Se pou Bondye ogmante glwa li.
  5. 5 Men mwen menm, mwen pòv ak nan bezwen. O Bondye, prese vin jwenn mwen. Ou se èd mwen ak delivrans mwen; O Seyè, pa pran tan.

⟨ Chapit Presedan Som70 Chapit Swivan ⟩