Som 66 KreyolAyisyen
🔊 Som 66
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 (Pou chèf mizisyen yo, yon chante oswa yon sòm.) Nou tout ki rete sou latè, chante ak kè kontan pou Bondye:
- 2 Chante non li pou fè lwanj li. Fè lwanj li gen pouvwa.
- 3 Di Bondye: Ala ou fè moun pè sa ou fè a! Ou wè jan ou gen pouvwa, lènmi ou yo ap bese tèt devan ou.
- 4 Tout moun ki rete sou latè ap adore ou, y'ap chante pou ou, y'ap chante pou non ou. Sela.
- 5 Vin wè travay Bondye yo; li fè bagay ki fè moun pè.
- 6 Li te fè lanmè a tounen tè sèk; yo te travèse larivyè a apye. La nou te fè kè nou kontan pou li.
- 7 L'ap gouvènen ak pouvwa li pou tout tan. Je l' yo veye nasyon yo. Pa kite moun ki rebèl yo leve tèt yo. Sela.
- 8 Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande vwa nou k'ap fè lwanj li!
- 9 Li kenbe nanm nou vivan; li pa kite pye nou glise.
- 10 Paske ou menm, Bondye, ou te sonde nou; ou te pase nou anba tès tankou yo pase ajan.
- 11 Ou te fè nou tonbe nan pèlen; ou te mete malè sou ren nou.
- 12 Ou te fè moun pase sou tèt nou; nou te pase nan dife ak nan dlo. Men ou te mennen nou nan yon kote ki gen richès.
- 13 M'ap antre lakay ou ak ofrann boule pou ou; m'ap fè sa m' te pwomèt ou a.
- 14 Sa bouch mwen te pwononse lè m' te nan tray.
- 15 M'a ofri bèt byen gra pou boule pou ou, ansanm ak lansan belye mouton yo. M'a ofri towo bèf ak bouk kabrit. Sela.
- 16 Vin koute, nou tout ki gen krentif pou Bondye; m'a rakonte sa li fè pou nanm mwen.
- 17 Mwen kriye nan pye l'; mwen tande lang mwen fè lwanj li.
- 18 Si m' gade mechanste nan kè m', Seyè a p'ap tande m'.
- 19 Men Bondye tande m' vre; li koute vwa lapriyè mwen.
- 20 Benediksyon pou Bondye, ki pa t' vire do bay lapriyè mwen, ni li pa t' vire do ban mwen pou l' gen pitye.