Som 47 KreyolAyisyen
🔊 Som 47
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Pou chèf mizisyen yo. Yon sòm pou pitit Kore yo. Nou tout pèp yo, bat men nou! Rele byen fò pou Bondye! Fè lwanj Bondye!
- 2 Paske Seyè a ki anwo nan syèl la se yon moun ki fè pè. Li se yon gran Wa sou tout latè.
- 3 L'ap mete pèp yo anba pye nou, l'ap mete tout nasyon yo anba pye nou.
- 4 L'ap chwazi eritaj nou pou nou, bèlte Jakòb li te renmen an. Sela.
- 5 Bondye monte ak tout moun k'ap rele, Seyè a monte ak tout moun k'ap jwe twonpèt.
- 6 Chante louwanj pou Bondye, chante louwanj; chante louwanj pou Wa nou an, chante louwanj.
- 7 Paske Bondye se Wa tout latè. Chante louwanj avèk konpreyansyon.
- 8 Bondye gouvènen nasyon yo. Bondye chita sou twòn apa li a.
- 9 Chèf pèp yo reyini ansanm, pèp Bondye Abraram nan. Paske tout boukliye latè yo se pou Bondye. Li gen pouvwa sa a.