ElohimEmet

Som 29 KreyolAyisyen

🔊 Som 29 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Nou tout ki gen pouvwa a, rann Seyè a glwa ak fòs!
  2. 2 Bay Seyè a glwa non li merite a; adore Seyè a nan bèlte sakre li a.
  3. 3 Vwa Seyè a fè gwo bri sou dlo yo; Bondye ki gen pouvwa a fè loraj; Seyè a sou tout dlo yo.
  4. 4 Vwa Seyè a gen pouvwa; vwa Seyè a gen anpil majeste.
  5. 5 Vwa Seyè a kase pye sèd yo; li kase pye sèd peyi Liban yo.
  6. 6 Li fè yo sote tankou ti bèf; li fè peyi Liban ak peyi Siryon sote tankou jèn likòn.
  7. 7 Vwa Seyè a fè flanm dife yo soti.
  8. 8 Vwa Seyè a fè dezè a tranble; Seyè a fè dezè Kadès la tranble.
  9. 9 Vwa Seyè a fè bèt yo akouche; li fè tout pyebwa yo dekouvri nan rakbwa. Nan tanp li a, tout moun ap pale de pouvwa li.
  10. 10 Seyè a chita sou tèt gwo inondasyon an; wi, Seyè a chita tankou Wa pou tout tan.
  11. 11 Seyè a va bay pèp li a fòs; l'a beni pèp li a, l'a ba yo kè poze.

⟨ Chapit Presedan Som29 Chapit Swivan ⟩