Som 149 KreyolAyisyen
🔊 Som 149
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun ki sen yo.
- 2 Se pou Izrayèl rejwi pou moun ki kreye yo a. Se pou tout pitit Siyon yo kontan pou wa yo a.
- 3 Se pou yo danse pou fè lwanj li! Se pou yo chante pou li ak tanbou ak gita.
- 4 Paske Seyè a pran plezi l' nan pèp li a: L'ap fè moun ki dou yo bèl, l'ap delivre yo.
- 5 Se pou tout moun ki sen yo kontan nan glwa yo, se pou yo chante byen fò sou kabann yo.
- 6 Se pou yo gen louwanj pou Bondye nan bouch yo, ak yon nepe de bò nan men yo;
- 7 Pou tire revanj sou moun lòt nasyon yo, pou pini pèp yo;
- 8 Pou mare wa yo ak chenn, ak noblès yo ak chenn fè;
- 9 Pou fè yo respekte jijman ki te ekri a: se yon gwo onè pou tout moun k'ap viv apa pou li yo. Lwanj pou Seyè a!