Som 143 KreyolAyisyen
🔊 Som 143
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 (Se yon sòm David.) Seyè, koute lapriyè mwen, panche zòrèy ou lè m'ap kriye: Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou jis.
- 2 Pa antre nan jijman avè m', sèvitè ou la. Paske, pa gen moun vivan ki ka inosan devan ou.
- 3 Paske lènmi an ap pèsekite nanm mwen, li lage lavi m' atè. Li fè m' rete nan fènwa tankou moun ki mouri depi lontan.
- 4 Se poutèt sa lespri mwen boulvèse, kè mwen dezole.
- 5 Mwen sonje jou lontan yo; M'ap medite sou tout travay ou yo; M'ap medite sou travay men ou yo.
- 6 M'ap lonje men m' ba ou. Nanm mwen swaf dlo ou tankou yon tè ki swaf dlo. (Sela)
- 7 Seyè, prese vin reponn mwen. Lespri mwen ap febli. Pa kache figi ou devan m', pou m' pa tankou moun k'ap desann nan twou a.
- 8 Fè m' tande jan ou renmen m' depi granmaten, paske se nan ou mwen mete konfyans mwen. Fè m' konnen chemen pou m' mache a, paske se bò kote ou m'ap leve nanm mwen.
- 9 Delivre m', Seyè, anba lènmi m' yo. M'ap kouri al kache bò kote ou pou ou ka kache m'.
- 10 Moutre m' fè volonte ou, paske ou se Bondye mwen. Lespri ou bon. Mennen m' nan yon peyi kote moun mache dwat.
- 11 Seyè, poutèt non ou pote a, ban m' lavi ankò. Poutèt jistis ou, delivre nanm mwen nan pwoblèm.
- 12 Nan mizèrikòd ou, elimine lènmi m' yo, detwi tout moun k'ap fè m' soufri, paske mwen se sèvitè ou.