ElohimEmet

Som 141 KreyolAyisyen

🔊 Som 141 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 (Yon Sòm David.) Seyè, m'ap kriye nan pye ou: prese vin jwenn mwen. Panche zòrèy ou pou tande vwa mwen lè m'ap kriye nan pye ou.
  2. 2 Se pou lapriyè m' lan tankou lansan, se pou lè m' leve men m' yo tankou yon ofrann bèt pou aswè.
  3. 3 Seyè, mete yon gad devan bouch mwen; veye pòt kote m' soti a.
  4. 4 Pa kite kè m' panche nan okenn move bagay, pou m' fè mechanste ansanm ak moun k'ap fè mechanste. Pa kite m' manje manje yo.
  5. 5 Se pou moun ki mache dwat devan m' frape m'; l'a sèvi m' pou m' pini mwen. L'a sèvi m' yon bon lwil ki p'ap janm kraze tèt mwen. Paske, lè yo nan mizè, m'a toujou lapriyè.
  6. 6 Lè jij yo va tonbe nan mitan wòch yo, y'a tande pawòl mwen yo, paske yo dous.
  7. 7 Zo nou yo ap gaye bò bouch tonm nan, tankou lè yon moun ap fann bwa atè.
  8. 8 Men, je m' yo se sou ou, O Bondye, Seyè. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Pa kite nanm mwen sanzespwa.
  9. 9 Pwoteje m' anba pyèj yo tann pou mwen yo, anba pèlen moun k'ap fè mechanste yo.
  10. 10 Se pou mechan yo tonbe nan pwòp pèlen yo, pandan mwen menm, mwen ka chape.

⟨ Chapit Presedan Som141 Chapit Swivan ⟩