ElohimEmet

Som 137 KreyolAyisyen

🔊 Som 137 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Nou te chita bò larivyè Babilòn yo, nou te kriye lè nou te sonje Siyon.
  2. 2 Nou te pandye hap nou yo nan pye sikren ki nan mitan l' yo.
  3. 3 Paske la, moun ki te depòte nou yo t'ap mande pou nou chante yon chante. Moun ki t'ap gate nou yo t'ap mande pou nou fè kè nou kontan. Yo t'ap di nou: Chante yon chante peyi Siyon pou nou non.
  4. 4 Ki jan nou ta ka chante chante Seyè a nan yon peyi etranje?
  5. 5 Si m bliye ou, Jerizalèm, se pou men dwat mwen bliye tout riz li.
  6. 6 Si m pa sonje ou, se pou lang mwen kole nan palè mwen, si m pa mete Jerizalèm nan plas pi gwo jwa mwen an.
  7. 7 Seyè, chonje moun peyi Edon yo nan jou Jerizalèm nan; yo te di: Detwi l, detwi l nèt jouk nan fondasyon l.
  8. 8 O pitit fi Babilòn, ou pral detwi a; benediksyon pou moun ki rekonpanse ou pou sèvis ou te fè pou nou an.
  9. 9 Benediksyon pou moun ki pran pitit ou yo, ki kraze yo sou wòch yo.

⟨ Chapit Presedan Som137 Chapit Swivan ⟩