ElohimEmet

Som 132 KreyolAyisyen

🔊 Som 132 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Se yon chante pou chante grad yo. Seyè, sonje David ak tout soufrans li yo:
  2. 2 Kijan li te fè sèman bay Seyè a, epi li te fè yon pwomès bay Bondye Jakòb la ki gen pouvwa a;
  3. 3 Mwen p'ap antre lakay mwen, ni m'ap moute sou kabann mwen.
  4. 4 Mwen p'ap kite je m' dòmi, ni po je m' kabicha.
  5. 5 Jiskaske mwen jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen pouvwa a.
  6. 6 Nou te tande pale de li nan Efrata: nou jwenn li nan jaden yo nan rakbwa a.
  7. 7 N'a antre nan tant li yo, n'a adore devan ti ban pye li.
  8. 8 Leve non, Seyè, vin kote pou ou repo a! Ou menm ansanm ak Bwat Kontra ou la, kote ou gen tout fòs ou a.
  9. 9 Se pou prèt ou yo abiye ak jistis; se pou tout moun pa ou yo rele ak kè kontan.
  10. 10 Poutèt David, sèvitè ou la, pa vire do bay moun ou chwazi a.
  11. 11 Seyè a te fè sèman bay David la, li p'ap chanje pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou twòn ou an.
  12. 12 Si pitit ou yo kenbe alyans mwen an ak temwayaj mwen pral moutre yo a, pitit yo tou va chita sou twòn ou an pou tout tan.
  13. 13 Paske, Seyè a chwazi Siyon, li vle l' sèvi kay li.
  14. 14 Sa a se repo m pou tout tan: se la m ap rete, paske se la mwen te vle l.
  15. 15 M'ap beni tout moun ki gen pou viv avè l', m'ap ba yo manje pou plen vant yo.
  16. 16 M'ap mete delivrans pou prèt li yo, tout moun apa pou li yo va rele byen fò ak kè kontan.
  17. 17 Se la m'ap fè yon gwo pitit pitit David pouse. M'ap mete yon lanp pou moun mwen chwazi a.
  18. 18 M'ap fè lènmi l' yo wont, men kouwòn li ap klere sou li.

⟨ Chapit Presedan Som132 Chapit Swivan ⟩