Som 125 KreyolAyisyen
🔊 Som 125
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 (Yon chan degre.) Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, yo tankou mòn Siyon an: yo p'ap ka brannen. Yo la pou tout tan.
- 2 Menm jan mòn yo pwoteje Jerizalèm, se konsa Seyè a ap pwoteje pèp li a depi lè sa a rive pou tout tan.
- 3 Paske, baton mechan yo p'ap rete sou sò moun ki mache dwat yo; pou moun ki mache dwat yo pa mete men yo nan fè mechanste.
- 4 Senyè, fè byen pou moun ki bon, pou moun ki gen kè sansib.
- 5 Kanta pou moun ki vire do bay chemen kwochi yo, Seyè a va fè yo disparèt ansanm ak moun k'ap fè mechanste. Men, bon lapè pou pèp Izrayèl la.