ElohimEmet

Som 123 KreyolAyisyen

🔊 Som 123 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 (Yon chan degre.) M'ap leve je m', se bò kote ou, ou menm ki rete nan syèl la.
  2. 2 Menm jan domestik yo ap gade men mèt yo, menm jan yon sèvant ap gade men metrès li, se konsa je nou ap tann Seyè a, Bondye nou an, jouktan l'a gen pitye pou nou.
  3. 3 Gen pitye pou nou, O Seyè, gen pitye pou nou, paske nou gen anpil mepri.
  4. 4 Nanm nou plen ak mepri moun ki alèz yo, ak mepri moun awogan yo.

⟨ Chapit Presedan Som123 Chapit Swivan ⟩