ElohimEmet

Som 110 KreyolAyisyen

🔊 Som 110 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Seyè a di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouktan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
  2. 2 Seyè a va voye baton fòs ou a soti nan peyi Siyon; gouvène nan mitan lènmi ou yo.
  3. 3 Pèp ou a ap toujou dispoze pou bay pouvwa ou. Jou pouvwa ou a, pèp ou a ap ofri ou bèlte apa pou ou. Depi nan vant granmaten ou, tankou lawouze lè ou jèn.
  4. 4 Seyè a fè sèman, epi li p'ap chanje lide l': Ou se yon prèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.
  5. 5 Seyè a kanpe sou bò dwat ou; l'ap kraze wa yo jou kòlè li a.
  6. 6 L'ap jije nasyon yo, l'ap plen kote yo ak kadav; l'ap kraze tèt anpil peyi.
  7. 7 L'ap bwè dlo nan ravin ki bò wout la; se poutèt sa l'ap leve tèt li.

⟨ Chapit Presedan Som110 Chapit Swivan ⟩