Som 11 KreyolAyisyen
🔊 Som 11
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 (Pou chèf mizisyen yo. Yon sòm David.) Se nan Seyè a mwen mete tout konfyans mwen. Kouman nou ka di mwen: Kouri al sou mòn ou tankou yon zwazo?
- 2 Paske, mechan yo pare banza yo, y'ap vize flèch yo byen file, pou yo ka tire an kachèt sou moun ki gen kè dwat yo.
- 3 Si fondasyon yo kraze, kisa moun ki jis yo ka fè?
- 4 Seyè a nan tanp ki apa pou li a, fotèy Seyè a nan syèl la. Je l' yo ap gade, je l' yo ap sonde moun.
- 5 Seyè a sonde moun ki mache dwat yo. Men, li rayi mechan yo ak moun ki renmen vyolans.
- 6 L'ap fè lapli pèlen, dife ak souf tonbe sou mechan yo. L'ap fè yon gwo van tanpèt tonbe sou yo. Se pòsyon gode sa a y'ap jwenn nan bouch yo.
- 7 Paske, Seyè a ki jis renmen jistis; figi l' gade moun ki mache dwat yo.