Som 108 KreyolAyisyen
🔊 Som 108
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 O Bondye, kè m' byen fèm; m'ap chante epi m'ap fè lwanj ou ak tout pouvwa mwen.
- 2 Leve non, mizisyen k'ap jwe gita ak hap; mwen menm, mwen pral leve bonè.
- 3 M'a fè lwanj ou, Seyè, nan mitan pèp yo; m'a chante louwanj pou ou nan mitan tout nasyon yo.
- 4 Paske mizèrikòd ou gran pi wo pase syèl la; verite ou rive jis nan nyaj yo.
- 5 Bondye, leve ou nan syèl la! Gade jan ou gen pouvwa sou tout latè!
- 6 Pou moun ou renmen an ka sove; sove m' avèk fòs ponyèt ou, reponn mwen.
- 7 Bondye pale nan apa li a; m'ap kontan, m'ap divize Sichèm, m'ap mezire vale Soukòt la.
- 8 Peyi Galarad se pou mwen; peyi Manase se pou mwen; Efrayim se fòs chèf mwen; se peyi Jida ki moun ki pou gouvènen m' lan.
- 9 Moab se kivèt kote m' lave rad mwen; m'ap mete pye m' sou Edon; m'ap ranpòte laviktwa sou Filisti.
- 10 Ki moun ki va mennen m' nan lavil ki gen gwo ranpa a? Ki moun ki va mennen m' jouk Edòm?
- 11 O Bondye, èske ou pa ta vle, ou menm ki te vire do ban nou? Ou pa ta vle, O Bondye, soti avèk lame nou yo?
- 12 Ban nou sekou nan pwoblèm; paske sekou lèzòm se pou gremesi.
- 13 Avèk Bondye, n'ap fè vanyan sòlda; paske se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.