ElohimEmet

Som 100 KreyolAyisyen

🔊 Som 100 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Nou tout ki rete sou latè, chante ak kè kontan pou Seyè a!
  2. 2 Sèvi Seyè a ak kè kontan; vin devan li avèk chante.
  3. 3 Konnen se Seyè a ki Bondye li ye; se li menm ki fè nou, se pa nou menm ki fè nou. Nou se pèp li, mouton ki nan savann li.
  4. 4 Antre nan pòtay li yo avèk di Bondye mèsi; antre nan lakou li yo avèk louwanj. Remèsye li, beni non li.
  5. 5 Paske Seyè a bon; mizèrikòd li la pou tout tan; verite li a ap dire pou tout jenerasyon.

⟨ Chapit Presedan Som100 Chapit Swivan ⟩