Som 1 KreyolAyisyen
🔊 Som 1
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Benediksyon pou moun ki pa swiv konsèy mechan yo, ki pa kanpe nan chemen pechè yo, ki pa chita nan plas moun k'ap pase Bondye nan betiz yo.
- 2 Men, li pran tout plezi l' nan lalwa Seyè a, se sou lalwa sa a l'ap medite lajounen kou lannwit.
- 3 L'ap tankou yon pyebwa yo plante bò larivyè, yon pyebwa ki donnen lè sezon l' rive, fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè ap reyisi.
- 4 Moun ki mechan yo pa konsa. Yo tankou pay van ap gaye.
- 5 Se poutèt sa, mechan yo p'ap ka leve tèt yo kanpe lè Bondye ap jije yo. Ni pechè yo p'ap gen plas yo nan mitan moun ki mache dwat devan Bondye yo.
- 6 Paske, Seyè a konnen chemen moun ki mache dwat yo, men chemen mechan yo ap peri.
Som1
Chapit Swivan ⟩