Revelasion 3 KreyolAyisyen
🔊 Revelasion 3
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Ekri zanj legliz ki nan Sad la: Moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo voye di ou sa: Mwen konnen sa w'ap fè a. Mwen konnen ou vivan, men ou mouri.
- 2 Pran prekosyon, fòtifye sa ki rete yo, sa ki prèt pou mouri yo. Paske, mwen pa jwenn travay ou yo pafè devan Bondye.
- 3 Sonje kijan ou te resevwa sa m te di ou la a, jan ou te tande l la. Kenbe fèm nan tèt ou, tounen vin jwenn Bondye. Si ou pa veye, m ap vin sou ou tankou yon vòlè, ou p ap konnen ki lè m ap vin sou ou.
- 4 Ou gen kèk moun nan Sad ki pa t sal rad yo; y ap mache avè m ak rad blan, paske yo merite sa.
- 5 Moun ki va genyen batay la, l'ap mete rad blan sou li. Mwen p'ap efase non l' nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap konfese non l' devan Papa m' ak devan zanj li yo.
- 6 Moun ki gen zòrèy, se pou l tande sa Lespri a ap di legliz yo.
- 7 Ekri zanj legliz Filadèlfi a: Moun ki sen an, moun ki veridik la, moun ki gen kle David la, voye di ou sa. Moun ki louvri a pa gen moun ki ka fèmen. Lè l' fèmen, pèsonn pa ka louvri.
- 8 Mwen konnen sa w'ap fè a. Gade, mwen mete yon pòt louvri devan ou, pèsonn pa ka fèmen l'. Paske ou gen yon ti fòs. Men, ou kenbe pawòl mwen. Ou pa nye non mwen.
- 9 Gade, m'ap fè moun ki nan sinagòg Satan an, moun sa yo ki pran pòz jwif yo se jwif men ki pa jwif ditou, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan pye ou pou yo ka konnen mwen renmen ou.
- 10 Paske ou te kenbe pawòl pasyans mwen an, m'ap pwoteje ou kont tantasyon ki gen pou vini sou tout latè a, pou teste tout moun ki rete sou latè.
- 11 Koute, m'ap vini talè konsa: kenbe sa ou genyen an fèm, pou pèsonn pa pran kouwòn ou an.
- 12 Moun ki va genyen batay la, m'ap fè l' tounen yon gwo poto nan tanp Bondye mwen an. Li p'ap janm soti ankò. M'ap make non Bondye mwen an sou li, ansanm ak non lavil Bondye mwen an, nouvo Jerizalèm nan, k'ap desann sot nan syèl la, bò kote Bondye mwen an. M'ap make nouvo non mwen an sou li.
- 13 Moun ki gen zòrèy, se pou l tande sa Lespri a ap di legliz yo.
- 14 Ekri zanj legliz Lawodise a: Men sa moun ki di Amèn nan, temwen fidèl ak veridik la, konmansman kreyasyon Bondye a:
- 15 Mwen konnen sa w'ap fè a, ou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ou te frèt oubyen ou te cho.
- 16 Enben, paske ou tyèd, ou pa ni frèt ni cho, m'ap vonmi ou soti nan bouch mwen.
- 17 Paske ou di mwen rich, mwen gen anpil byen, mwen pa bezwen anyen. Men ou pa konnen ou malere, ou nan lapenn, ou pòv, ou avèg epi ou toutouni.
- 18 Mwen konseye w achte nan men m lò ki pase nan dife pou ou ka rich. Achte rad blan pou ou ka mete sou ou, pou lawont ou pa parèt lè ou toutouni. Mete kolme nan je ou pou ou ka wè.
- 19 Tout moun mwen renmen, mwen korije yo, mwen peni yo. Se poutèt sa, fè zele pou ou, epi repanti.
- 20 Gade, mwen kanpe nan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m', si l' louvri pòt la, m'ap antre lakay li, m'ap manje avè l', epi l'ap manje avè m'.
- 21 Tout moun ki va genyen batay la, m'a ba yo dwa chita avè m' sou twòn mwen an, menm jan mwen menm mwen te genyen batay la, mwen chita bò kote Papa m' sou twòn li an.
- 22 Moun ki gen zòrèy, se pou l tande sa Lespri a ap di legliz yo.