Revelasion 19 KreyolAyisyen
🔊 Revelasion 19
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: Alelouya! Delivrans, glwa, respè ak pouvwa pou Mèt la, Bondye nou an.
- 2 Paske jijman li yo se verite epi yo jis. Li jije gwo fanm movèz vi ki te fin pèvèti latè ak imoralite li; li tire revanj pou san sèvitè li yo ki te soti nan men li.
- 3 Yo di ankò: Alelouya! Epi lafimen dife a ap monte pou tout tan.
- 4 Vennkat granmoun yo ak kat bèt vivan yo tonbe ajenou, yo adore Bondye ki te chita sou twòn nan, yo t ap di: Amèn, Alelouya.
- 5 Yon vwa soti nan twòn nan ki t ap di: Lwanj pou Bondye nou an, nou tout k ap sèvi li, nou tout ki gen krentif pou li, piti kou gran.
- 6 Mwen tande yon vwa tankou yon gwo foul moun, tankou bri anpil dlo, tankou bri gwo loraj. Yo t ap di: Alelouya! Paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, ap gouvène.
- 7 Ann kontan, ann fè fèt, ann ba li glwa; paske lè maryaj Ti Mouton an rive, madanm li fin pare tèt li.
- 8 Yo ba li dwa abiye ak twal fin blan, pwòp e briyan. Twal fin sa a se jistis moun pèp Bondye a.
- 9 Li di mwen: Ekri sa: Benediksyon pou moun ki envite nan soupe maryaj Ti Mouton an. Li di mwen: Pawòl sa yo se pawòl vre Bondye.
- 10 Mwen lage kò mwen atè nan pye li pou m adore li; men li di mwen: Pa fè sa! Mwen se sèvitè parèy ou, ansanm ak frè ou yo ki kenbe temwayaj Jezi a. Adore Bondye, paske temwayaj Jezi a se lespri pwofesi.
- 11 Mwen wè syèl la louvri, epi mwen wè yon chwal blan; moun ki te chita sou li a rele Fidèl ak Verite, epi avèk jistis li jije epi li fè lagè.
- 12 Je li yo te tankou flanm dife; sou tèt li te gen anpil kouwòn; li te gen yon non ekri, yon non pèsonn pa t konnen, eksepte li menm.
- 13 Li te gen yon rad benyen nan san; yo rele li Pawòl Bondye a.
- 14 Lame ki nan syèl la t ap swiv li sou chwal blan, abiye ak twal fin blan, pwòp e briyan.
- 15 Yon nepe byen file t ap soti nan bouch li; se avè l li pral frape nasyon yo. Li pral gouvène yo ak yon baton fè. Li pral kraze diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a nan moulen.
- 16 Li gen yon non ekri sou rad li ak sou kwis li: WA WA YO, SÈYÈ SENYÈ YO.
- 17 Mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la; li rele byen fò, li di tout zwazo k ap vole nan mitan syèl la: Vini, rasanble pou gwo repa Bondye a.
- 18 Pou nou ka manje vyann wa yo, vyann kaptenn yo, vyann sòlda vanyan yo, vyann chwal yo ak vyann moun ki sou yo, vyann tout moun—lib kou esklav, piti kou gran.
- 19 Mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak lame yo, reyini pou yo goumen ak moun ki te chita sou chwal la ak ak lame li.
- 20 Yo te pran bèt la prizonye, ansanm ak fo pwofèt ki te fè mirak devan li, avèk mirak sa yo li te twonpe moun ki te resevwa mak bèt la ak moun ki t ap adore imaj li. Yo te jete yo toulede vivan nan letan dife ak souf k ap boule.
- 21 Rès yo te mouri ak nepe moun ki te chita sou chwal la, nepe ki t ap soti nan bouch li; tout zwazo yo te plen vant yo ak kadav yo.