ElohimEmet

Revelasion 15 KreyolAyisyen

🔊 Revelasion 15 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Mwen wè yon lòt siy nan syèl la, yon gwo siy ki te bèl anpil: sèt zanj ki te gen sèt dènye kalamite yo, paske se nan yo kòlè Bondye a fini.
  2. 2 Mwen wè yon bagay tankou yon lanmè an vè melanje ak dife. Moun ki te genyen batay la kont bèt la, kont imaj li, kont mak li ak kont nimewo non li, yo te kanpe bò lanmè an vè a, yo te gen gita Bondye nan men yo.
  3. 3 Yo t ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante Ti Mouton an. Yo t ap di: Seyè Bondye ki gen tout pouvwa, zèv ou yo gran, yo bèl anpil. Chemen ou yo jis, yo verite, ou menm ki Wa tout nasyon yo.
  4. 4 Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Seyè, epi ki pa ta fè lwanj non ou? Paske ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo va vini pou adore ou, paske jijman ou yo parèt aklè.
  5. 5 Apre sa, mwen gade, epi mwen wè tanp kote temwayaj la ye a nan syèl la louvri.
  6. 6 Sèt zanj yo soti nan tanp lan ak sèt kalamite yo sou yo. Yo te abiye ak twal fin blan ak pi, epi yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo.
  7. 7 Youn nan kat bèt vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode an lò, plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan.
  8. 8 Tanp lan te plen ak lafimen ki soti nan glwa Bondye a ak nan pouvwa li. Pèsonn pa t kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite sèt zanj yo pa t fin pase.

⟨ Chapit Presedan Revelasion15 Chapit Swivan ⟩