Revelasion 10 KreyolAyisyen
🔊 Revelasion 10
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Mwen wè yon lòt zanj ki te gen anpil pouvwa desann soti nan syèl la, vlope nan yon nyaj. Li te gen yon lakansyèl sou tèt li; figi li te tankou solèy la, epi pye li te tankou de kolòn dife.
- 2 Li te gen yon ti liv louvri nan men li. Li mete pye dwat li sou lanmè a, epi pye gòch li sou tè a.
- 3 Li rele byen fò tankou yon lyon k ap gwonde; lè li fin rele, sèt loraj yo te gwonde.
- 4 Lè sèt loraj yo fin pale, mwen te prèt pou ekri sa yo te di a; men mwen tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di mwen: Sere pawòl sèt loraj yo, epi pa ekri yo.
- 5 Zanj mwen te wè kanpe sou lanmè a ak sou tè a leve men dwat li anlè nan syèl la,
- 6 Li fè sèman sou non moun ki vivan pou tout tan an, li menm ki kreye syèl la ak tout sa ki ladan l, tè a ak tout sa ki ladan l, lanmè a ak tout sa ki ladan l, ke p ap gen tan ankò.
- 7 Men lè setyèm zanj lan va sonnen twonpèt li, lè l ap kòmanse sonnen, mistè Bondye a va rive nan bout li, jan li te fè sèvitè pwofèt li yo konnen l.
- 8 Vwa mwen te tande soti nan syèl la pale avè m ankò, li di: Ale pran ti liv ki louvri nan men zanj ki kanpe sou lanmè a ak sou tè a.
- 9 Mwen pwoche bò kote zanj lan, mwen di li: Ban mwen ti liv la. Li di mwen: Pran l, devore l; li pral fè vant ou anmè, men nan bouch ou li pral dous tankou siwo myèl.
- 10 Mwen pran ti liv la nan men zanj lan, mwen devore l nèt. Li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen; men lè mwen fin manje l, vant mwen te vin anmè.
- 11 Li di mwen: Ou gen pou pwofetize ankò devan anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.