ElohimEmet

Oze 14 KreyolAyisyen

🔊 Oze 14 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Nou menm Izrayèl, tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou, paske se peche nou ki fè nou tonbe.
  2. 2 Pran pawòl sa yo avèk nou, tounen vin jwenn Seyè a! Di li: “Padonnen tout mechanste nou. Aksepte nou avèk favè. Konsa, n'a ofri l' lwanj jan nou te pwomèt.”
  3. 3 Lasiri p'ap sove nou. Nou p'ap monte chwal ankò. Nou p'ap di bagay nou fè ak men nou yo: “Se bondye nou.” Paske se nan ou menm moun ki san papa jwenn mizèrikòd.
  4. 4 M'ap geri dezòd yo; m'ap renmen yo ak tout kè mwen, paske mwen pa fache ankò.
  5. 5 M'ap tankou lawouze pou Izrayèl. Li va pouse tankou yon lis; li va mete rasin li tankou pye bwa peyi Liban.
  6. 6 Branch li yo va gaye; bote li va tankou pye oliv; sant li va tankou peyi Liban.
  7. 7 Moun ki te rete anba lonbray li yo va retounen; yo va grandi tankou ble, yo va fleri tankou pye rezen; sant yo va tankou diven peyi Liban.
  8. 8 Efrayim va di: “Kisa mwen gen pou m' wè ak zidòl ankò?” Mwen menm, mwen tande l', mwen veye sou li. Mwen tankou yon pye sapen vèt; se nan men mwen tout fwi ou yo soti.
  9. 9 Ki moun ki gen sajès pou l' konprann bagay sa yo? Ki moun ki gen lespri pou l' konnen yo? Paske chemen Seyè a dwat. Moun ki mache dwat yo va mache ladan yo; men moun ki fè sa ki mal yo va tonbe ladan yo.

⟨ Chapit Presedan Oze14