ElohimEmet

Oze 1 KreyolAyisyen

🔊 Oze 1 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Pawòl Seyè a te vin jwenn Oze, pitit Beeri a, nan tan Oziya, Jotam, Akaz ak Ezekyas te wa nan peyi Jida, epi nan tan Jewoboram, pitit Joas, te wa nan peyi Izrayèl.
  2. 2 Men konmansman pawòl Seyè a nan bouch Oze. Seyè a di Oze: —Ale, pran yon madanm ki lage kò l' nan fè jennès, yon madanm ki gen pitit ki lage kò yo nan fè jennès. Paske peyi a lage kò l' nan fè twòp dezòd, li vire do bay Seyè a.
  3. 3 Konsa, li ale, li pran Gomè, pitit fi Diblayim. Gomè vin ansent, epi li fè yon pitit gason.
  4. 4 Seyè a di Oze: —Rele l' Jizreyèl, paske talè konsa mwen pral pini fanmi Jeou poutèt san yo te koule nan Jizreyèl. M'ap mete yon fen nan wayòm Izrayèl la.
  5. 5 Jou sa a, m'ap kraze tout flèch Izrayèl yo nan Fon Jizreyèl la.
  6. 6 Li vin ansent ankò, li fè yon pitit fi. Bondye di: —Rele l' Lowouchama, paske mwen p'ap gen pitye pou Izrayèl ankò. M'ap pran yo nèt ale.
  7. 7 Men m'ap gen pitye pou Jida. M'ap sove yo grasa Seyè a, Bondye yo. Mwen p'ap sove yo ni ak banza, ni ak nepe, ni ak batay, ni ak chwal, ni ak kavalye.
  8. 8 Lè li fin sevre Lowouchama, li vin ansent ankò, li fè yon pitit gason.
  9. 9 Bondye di: —Rele l' Loami, paske nou pa pèp mwen ankò, e mwen menm mwen p'ap Bondye nou ankò.
  10. 10 Men kantite moun Izrayèl yo va tankou grenn sab bò lanmè; moun p'ap ka mezire yo ni konte yo. Kote yo te di: “Nou pa pèp mwen”, y'a di: “Nou pitit Bondye vivan an.”
  11. 11 Lè sa a, Jida ak Izrayèl va mete tèt yo ansanm. Y'a chwazi yon sèl chèf. Y'a soti kite peyi a. Paske jou Jizreyèl la va yon gwo jou.

Oze1 Chapit Swivan ⟩