Neemi 1 KreyolAyisyen
🔊 Neemi 1
KreyolAyisyen
🔇 Audio not available
Expected:
wwwroot/BibleAudio/KreyolAyisyen/OldTestament/Neemi/1.mp3
- 1 Men pawòl Neemi, pitit gason Akalya a. Nan mwa Kislev, nan ventan depi Atagzèsès la, mwen menm mwen te lavil Souz, kapital peyi a.
- 2 Anani, youn nan frè mwen yo, te vini ak kèk moun ki soti Jida. Mwen te mande yo nouvèl jwif ki te sove yo, rès moun ki te soti nan prizon an, ak nouvèl Jerizalèm.
- 3 Yo di mwen konsa: Rès moun ki soti nan peyi kote yo te depòte yo a la nan pwovens lan anba gwo pwoblèm. Yo anba gwo wont. Miray lavil Jerizalèm nan kraze, pòtay li yo boule nèt.
- 4 Lè mwen tande pawòl sa yo, mwen chita atè, mwen kriye. Mwen pase kèk jou nan lapenn. Mwen fè jèn, mwen priye devan Bondye ki nan syèl la.
- 5 Mwen di: Tanpri, Seyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gran epi ki fè moun pè ou. Ou kenbe kontra ou avèk moun ki renmen ou epi ki kenbe kòmandman ou yo. Ou kenbe kè sansib ou.
- 6 Tanpri, panche zòrèy ou, louvri je ou pou ou ka tande lapriyè sèvitè ou la, lapriyè m ap fè devan ou lajounen kou lannwit pou sèvitè ou yo, pèp Izrayèl la. M ap rekonèt peche nou te fè kont ou. Ni mwen menm ni fanmi papa mwen yo te peche.
- 7 Nou aji mal anpil kont ou. Nou pa swiv kòmandman, lòd ak prensip ou te bay Moyiz, sèvitè ou la.
- 8 Tanpri, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lè ou te di: Si nou pa obeyi, m ap gaye nou nan mitan lòt nasyon yo.
- 9 Men si nou tounen vin jwenn mwen, si nou kenbe kòmandman mwen yo, si nou fè yo, menm si gen kèk nan nou ki ta depòte jouk nan dènye bout syèl la, m ap ranmase yo, m ap mennen yo tounen kote mwen chwazi pou m rete a.
- 10 Men sèvitè ou yo ak pèp ou a, moun ou te delivre avèk gwo pouvwa ou ak fòs ponyèt ou.
- 11 Seyè, tanpri, panche zòrèy ou pou tande lapriyè sèvitè ou la, ak lapriyè sèvitè ou yo ki vle gen krentif pou ou. Tanpri, fè sèvitè ou la reyisi jodi a. Fè l wè jan wa a gen pitye pou li, paske mwen te chèf bwason wa a.
Neemi1
Chapit Swivan ⟩